Pinga Kite Opresyon Koupe Souf Pitit Ou

"Pinga Kite Opresyon Koupe Souf Pitit Ou" is also available in Portable Document Format (PDF, 328KB, 2pg.)

KISA OPRESYON YE?

Opresyon se yon maladi ki bay atak etoufman ak tous ki grav. Youn sou chak 10 timoun nan Etazini gen opreyson. Byenke yo pa ka anpeche yon moun gen opresyon, yo ka kontwole li ak bon jan medikaman ak enfòmasyon.

KISA KI FÈ ON MOUN GEN OPRESYON?

Se pa tout tan nou konnen kisa ki bay opresyon. Sa ki bay opresyon yo diferan de yon moun a yon lòt moun. Bagay ki fè yon moun gen opresyon pi souvan yo se:

  • Lafimen, prensipalman lafimen tabak
  • Pwal bèt (ti moso pwal bèt, cheve, plim oswa po bèt)
  • Mwezi
  • Tibèt nan pousyè (tibèt piti ki viv nan pousyè)
  • Ravèt ak dechè ravèt
  • Ti jèm maladi
  • Silfit (Pwodwi chimik yo itilize pou soda ak manje yo konsève nan bwat pou ka kenbe manje yo fre)

KI SIYAL KI FÈ KONNEN YON MOUN PRAL GEN OPRESYON?

Si pitit ou gen nenpòt nan pwobèm sa yo, li ka gen opresyon:

  • Souf anlè
    • Ki kòmase toudenkou
    • Ki ka pi mal lanwit oswa bonè granmaten
    • Ki ka vin pi mal lè timoun nan soti nan lè frèt
    • Ki ka vin pi mal lè timoun nan ap fè egzèsis
  • Tous
  • Santi yon pwa senkant sou lestomak la
  • Doulè lestomak
  • Souf kout
  • Anpil larim

ESKE GEN LÒT SENTÒM KI KA VLE DI PITIT MWEN GEN OPRESYON?

Gen kèk lòt sentòm yo di ki bay opresyon pafwa. Sentòm sa yo:

  • Nen bouche oswa nen kap koule larim
  • Pwoblè sinizit
  • Chè nan nen (chè ki pouse andedan nen)

ESKE YO KA ANPECHE YON MOUN GEN OPRESYON?

Kèlkeswa sa w eseye, ou pa ka anpeche yon moun gen opresyon. Men, ou ka limite kantite bagay ki ka koze opresyon si pitit ou gen kontak avèk yo, espesyalman pandan premye ane nan lavi pitit la. Ou fèt pou:

  • Fè ansòt pou pa gen lafimen lakay ou
  • Pa kite bèt domestik rantre nan cham pitit la epi deyò kay la.
  • Bay pitit la tete pandan tout otan li posib pou w fè sa. Lèt manman gen antikò ki ka retade oswa menm anpeche alèji.
  • Fè ansòt pou chanm pitit ou pa gen posyè ladan tout otan li posib pou w fè sa.
  • Li tout etikèt ki sou manje yo pou w ka evite bagay pitit ou ka fè alèji avèk yo.

ESKE YO KA TRETE OSWA KONTWOLE OPRESYON?

Wi! Yon fwa w fin konnen pitit ou gen opresyon, chèche jwenn yon doktè ni oumenm ni pitit ou renmen, epi se doktè sa a sèlman pou w wè pou opresyon an. Tank doktè a konn pitit ou pi byen tank li ka ede kontwole opresyon pitit la. Si w reponn kesyon sa yo, sa ka ede doktè a trete opresyon pitit la pi byen:

  • Eske atak opresyon yo rive pandan kèk sezon anpatikilye sèlman oswa eske yo rive pandan tout ane a?
  • Eske pitit ou gen atak yo toudenkou oswa eske yo kòmanse tou piti epi yo vin pi mal tank plis tan ap pase?
  • Chak konbyen fwa pitit ou fè yon atak opresyon?
  • Konbyen tan atak yo dire? (minit, èdtan, jou)
  • Eske atak yo fèt a yon lè anpatikilye pandan la jouen an? (maten, aswè)
  • Eske atak yo rive lè timoun nan kèk kote anpatikilye? (lakay, lekòl)

PANSE POZITIVMAN!

Gen bòn nouvèl. Ou konnen ak bon jan tretman, timoun ki gen opresyon kapab viv lavi yo preske san pa gen limit nan aktivite yo ka fè yo. Yon bon doktè ap ede w jwenn bagay ki koze atak opreyson yo. Answit lap esplike kouman bon kalite medikaman ka anpeche pitit la gen atak opresyon yo ak kouman pou w limite kontak pitit ou genyen ak mikwòb ak lòt bagay ki koze atak opresyon yo.

Li pran tan pou w jwenn doktè ki bon pou w a ak plan tretman ki bon pou w a, men se yon tan ou byen envesti. Efò w fè yo ap ede pitit ou gen lasante epi pitit ou ap ka fè menm aktivite ak zanmi ki pa gen opresyon yo.

KOTE POU JWENN ÈD AK SIPÒ

Pou w konn plis enfòmasyon sou opresyon, tanpri kontakte ajans sa yo:

  • The American College of Allergy, Asthma, and Immunology (Kolèj Ameriken sou Alèji, Opresyon, ak Iminoloji) (800) 822-2762, http://www.acaai.org
  • Asthma and Allergy Network / Mothers of Asthmatics (Rezo Opresyon ak Alèji / Manman ki gen Piti ki Gen Opresyon) (800) 878-4403, http://www.aanma.org
  • National Jewish Center s Lung Line (Liy Poumon Sant Nasyonal Jwif), (800) 222-5864
  • Support for Asthmatic Youth (Sipò pou Jèn Timoun ki gen Opresyon), (516) 625-5735
  • Asosyasyon Ameriken pou Pwoblèm Poumon (American Lung Association), (212) 315-8700, http://www.lungusa.org