New York State Notice of Important Document.

Avi Sou Dokiman Enpòtan New York State.
Pa Genyen ANYEN KI CHANJE nan MEDICAID ou.

Kesyon? Tanpri rele nou nan nimewo 1–855–329–8850 Lendi – Vandredi 8:00 am – 8:00 pm, Samdi 9:00 am – 1:00 pm. Si ou bezwen yon moun ede ou nan yon lang ki pa angle, rele 1–855–329–8850 epi di Espesyalis Sèvis Kliyantèl la sa. N ap ede ou gratis. TTY: 1–800–662–1220.

Lèt sa a se sou yon nouvo pwogram New York State te kòmanse pou manm Medicaid nou yo.

Nou konnen pafwa li difisil pou jwenn swen ou bezwen an. Nou vle chanje sa. Ou dwe genyen yon premye founisè swen sante. Lè ou pa santi ou byen, se pa sèlman nan saldijans ou sipoze genyen pou ou ale. Nou vle ou konnen ki swen sante ou bezwen ak kote pou w jwenn li, pou w kapab santi ou genyen kapasite pou kontwole sante ou.

New York State Delivery System Reform Incentive Payment Program (DSRIP)

Kisa DSRIP ye?

Nouvo pwogram nan, ki se New York State "Delivery System Reform Incentive Payment Program" (DSRIP), ap ede oumenm, doktè ou yo ak lòt pwofesyonèl swen sante travay ansanm pou ba ou swen sante ou bezwen. DSRIP se yon pwogram ki genyen doktè, klinik, lopital, sèvis medikal ak kominotè nan zòn ou an k ap travay ansanm pou bati yon sistèm swen sante ki pi solid. Sa ap ede ou resevwa pi bon swen sante. Gwoup pwofesyonèl swen sante sa yo ap fòme sa ki rele yon "Performing Provider System" (PPS). Pwofesyonèl PPS yo te travay pou konprann sa kominote ou bezwen pou amelyore swen sante. Kounye a y ap planifye jan pou satisfè bezwen sa yo.

Pou wè lis konplè PPS nan rejyon ou ak tout eta a, tanpri vizite sitwèb sa a: (https://www.health.ny.gov/health_care/medicaid/redesign/dsrip/providers_professionals.htm) epi chèche "PPS Contact List" nan bwat ki di Introductory Information an.

Kijan DSRIP ak PPS kapab ede mwen?

  • Ou kapab twouve genyen nouvo sèvis sante kominotè ki pi fasil pou itilize epi ki pi bon pou swen ou bezwen yo.
  • Ou kapab rekonèt ou bezwen pran mwens tès paske doktè ak lopital ou vin kominike pi byen.
  • Ou kapab resevwa èd nan men travayè sante kominotè ak kowòdonatè swen yo. Sa ap ede ou jere sante ou ak jwen swen ou bezwen.
  • Moun ki travay pou PPS kapab kontakte ou sou sèvis swen sante espesyal, tankou èd pou sik oswa tansyon wo.

èske mwen kapab vin fè pati DSRIP epi fè pati yon PPS?

Paske w ap resevwa Medicaid, ou deja fè pati nouvo pwogram sa a. Medicaid ta renmen ede chak PPS. Se poutèt sa li pataje enfòmasyon sou sante manm Medicaid ki nan PPS. Sa a se enfòmasyon sante sou sèvis medikal ou te resevwa nan Medicaid.

èske PPS ap vin plan asirans mwen?

Non, PPS p ap ranplase Medicaid ou, HMO ou, oswa asirans ou. Yon PPS pa yon konpayi asirans. PPS ap travay ak Medicaid pou ede ou jwenn sèvis ou bezwen yo. W ap Kontinye gen dwa pou resevwa sèvis Medicaid yo. Sa gen ladan aksè nan swen ak pwoteksyon vi prive ou. Men, w ap bezwen swiv nenpòt règ pou sèvis sa yo tou.

Ki kalite enfòmasyon y ap pataje?

W ap genyen menm dwa ou deja genyen ak Medicaid konsènan vi prive ak pou resevwa swen. Pou ede PPS asiste ou, NYS Medicaid, dapre ak lwa nan nivo eta ak federal, ap pataje sèten enfòmasyon ak PPS sou swen medikal ou. Sa gen ladan maladi, medikaman sou preskripsyon ak vizit ou kay doktè. Sa kapab menm enfòmasyon ou te deja dakò nan aplikasyon Medicaid ou pou NYS, pwofesyonèl swen sante ak Plan Sante ou kenbe ak itilize pou ou jwenn swen pi fasil, peye pou swen sante ou ak pou operasyon swen sante. Enfòmasyon sa a kapab genyen ladan enfòmasyon sou VIH/SIDA oswa maladi sante mantal yo dyagnostike oswa enfòmasyon tretman sou ou menm nan mezi lalwa pèmèt, jiskaske ou pa vle pataje li ankò. Yo p ap ka pataje okenn enfòmasyon sou abi dwòg ak alkòl ki kapab idantifye pasyan amwenske ou bay konsantman espesyalman pou pataje yo.

Si Medicaid pataje enfòmasyon mwen, ki dwa mwen genyen nan PPS?

PPS yo ap bezwen swiv tout lwa nan nivo eta ak federal ki pwoteje konfidansyalite enfòmasyon sa a. PPS p ap ka pataje enfòmasyon ou ak moun oswa òganizasyon amwenske lwa nan nivo eta ak federal otorize pou pataje li. Lwa ak règ sa yo gen ladan yo New York Mental Hygiene Law Section 33.13, New York Public Health Law Article 27–F, ak règ federal sou konfidansyalite, tankou 42 CFR Part 2 (ki presize sou kondisyon yo kapab pataje enfòmasyon sou abi dwòg ak alkòl ) ak 45 CFR Part 160 ak Part 164 ( ki se règ yo rele "HIPAA" yo).

Nou kapab itilize enfòmasyon an pou ede ou vin an sante. Li ap pi fasil pou pwofesyonèl swen sante ou yo genyen dènye enfòmasyon sou swen ou te resevwa. Sa vle di ou p ap bezwen repete tès. Kapab genyen mwens konfizyon sou medikaman w ap pran yo. PPS kapab itilize li pou ede ou konnen nouvo sèvis y ap ofri nan kominote ou. Sèvis sa yo kapab ede ou ak sante ou.

Ou pa bezwen fè Medicaid pataje enfòmasyon ou pou pwogram DSRIP a. Men, nou kwè genyen plizyè avantaj pou ou pataje enfòmasyon sa a ak pwofesyonèl swen sante ou yo nan DSRIP.

Sa k ap pase si mwen pa vle Medicaid pataje enfòmasyon mwen ak PPS mwen?

Si ou deside ou pa vle fè Medicaid divilge enfòmasyon ou, ou p ap pèdi okenn avantaj Medicaid. W ap toujou kapab kontinye wè doktè pa ou yo. Men, ou kapab pa ka resevwa sèvis espesyal PPS ap ofri yo.

Sa pou mwen fè si mwen pa vle yo pataje enfòmasyon sa a?

Si ou pa vle Medicaid pataje enfòmasyon ou, w ap bezwen di nou sa. Sa a rele "soti." Lè ou soti sa vle di Medicaid p ap pataje enfòmasyon sante pwoteje ou ak yon PPS nan pwogram DSRIP a. W ap bezwen rele Sant Apèl Medicaid la nan (1–855–329–8850). Sinon, ou kapab siyen epi voye "Fòm Pou Medicaid Pa Pataje Enfòmasyon" ki vini ak lèt sa a. Adrès postal la sou anvlòp la. Ou kapab fè sa kounye a oswa nenpòt ki lè. Si ou vle Medicaid pataje enfòmasyon sa a pou ede amelyore fason ou resevwa swen sante, ou pa bezwen fè anyen. Ou tou ladan! Se ap yon gran plezi pou nou ede ou vin pi anfòm!

Mèsi.

New York State Medicaid Program

If you would like to view this letter in English, please visit the following website:

http://www.health.ny.gov/health_care/medicaid/redesign/dsrip/consumers.htm

Lang èd